Atelye Lento Ayizan

Atelye Lento Ayizan Nou se rasin ki remet lavi kle lanati viv atizana L'eloquence c'est tout simplement la facilité de s'exprimer

???
30/03/2026

???

Nan dènye ane sa yo nou ka remake Gen anpil Vodouyizan k ap leve vwa yo pou pale de dekolonizasyon mantal Vodou a. Kote ...
10/02/2026

Nan dènye ane sa yo nou ka remake Gen anpil Vodouyizan k ap leve vwa yo pou pale de dekolonizasyon mantal Vodou a. Kote yo vini ak yon diskou ki di sen pa lwa sispan adore sen pou Loa. Yo mande Vodouvi yo jete pòtrè dye blan, sen katolik yo, Pawòl la bèl. Diskou a sonnen fò. Men gen yon kontradiksyon ki fè mal.
Kijan nou ka pale de dekolonizasyon pandan n ap refize envesti nan atis Vodou ki ap pentire:
Mitoloji Loa yo,
Istwa zansèt yo,
Senbòl sakre yo nan èv yo?
Kijan nou ka mande pou imaj kolonyal yo disparèt, pandan nou pa vle soutni moun k ap kreye nouvo imaj lib ki soti nan rasin nou???🤔

Dekolonizasyon se pa sèlman jete sa ki soti lakay blan.
Men fòk nou tanmen bati sa ki soti lakay nou.
Se bay valè a kreyasyon pa nou yo.
Se pèmèt atis yo rakonte nan èv yo langaj Loa yo ak koulè, fòm, ak vizyon zansèt meritan yo.
Si Vodou pa gen imaj pa li, lòt moun ap toujou desine l pou nou.
Si nou pa achte èv Vodou, pa sipòte atis Vodou, pa ekspoze travay yo, diskou dekolonizasyon an ap rete yon pawòl vid.

Dekolonize Vodou a, se mete lajan, respè, ak konsyans dèyè pawòl la.
Sinon, se pa libète n ap chèche,
se jis ranplase yon silans pa yon lòt.

Èv:Lento Ayizan

Lento AyizanLespri Atizay ak Rasinn Vodou“Nan kè Nòdwès Ayiti, nan vil istorik Pòdepè, fèt yon nèg ki pote flanm lan pou...
13/07/2025

Lento Ayizan
Lespri Atizay ak Rasinn Vodou

“Nan kè Nòdwès Ayiti, nan vil istorik Pòdepè, fèt yon nèg ki pote flanm lan pou kilti li. Non li se Lento Ayizan. Yon non ki sonnen tankou
Bat tanbou sou yon asòtò,
Tankou souf la nan yon kòn lanbi.
Se pa nenpòt nèg. Se yon atis. Yon pent. Yon ougan Yon mèt san patipri ki mare lespri ak koulè sou twal.”



📍 Orijin ak Rasinn

Lento Ayizan se yon atis ayisyen ki soti Pòdepè, youn nan vil ki ranpli ak eritaj, memwa ak rit. Menmsi rasin li sòti nan Nòdwès la, li te oblije al viv Okap se la lifè etid inivèsite l – kote listwa ak espirityalite danse sou chak kwen lari.



🎨 Yon Atis Ki Pale Ak Lespri

Travay Lento Ayizan se pa senpleman penti. Se pawòl lespri. Se priyè, se transmisyon. Se pawòl ansyen yo ki pase atravè men l pou monte sou twal.

Tablo li yo se yon melanj sakre:
• Tanbou – ki sonnen lavi, ki envite lwa yo desann, ki se rasanbleman tou.
• Vèvè – senbòl majik ki trase prezans lwa yo, kise pòt Loa yo.
• Koulèv – senbòl Dambala, entèlijans ak linivè.
• Je – je lasyans, je mistè, je k ap siveye lespri nou.

Chak detay se kòd mistik ki lye vizyon li ak eritaj Vodou ayisyen.



💫 Talan, Pasayon, ak Kilti

Lento Ayizan se yon nonm ki boure ak talan. Men talan li pa fèt pou li sèlman. Li mete l an sèvis kilti a. Chak twal li se yon aksyòn pou prezève, valorize, ak pataje sa ki fè Ayiti rich.

Li pa janm kache pasyon li pou Vodou – Se la l jwenn enspirasyon. Se la li pran fòs.



🗣️ Temwayaj Konsyans Kreyatif

“M pa pentire pou plezi. M pentire pou peyi m. M pentire pou zansèt yo. M pentire pou lwa yo.”
— Lento Ayizan

🕯️ Konklizyon: Yon Flanm Kiltirèl

Lento Ayizan, se pa sèlman yon atis, li se yon poto mitan. Travay li se pont ki relie jèn ak ansyen yo, vodou ak imajinasyon, rasin ak avni.

Atizay li se memwa vivan.

Atelye Lento Ayizan

Lento Ayizan se yon atis ayisyen ki baze nan Port-de-Paix, ki espesyalize nan atizay vizyèl ak direksyon kreyatif. Li se...
30/04/2025

Lento Ayizan se yon atis ayisyen ki baze nan Port-de-Paix, ki espesyalize nan atizay vizyèl ak direksyon kreyatif. Li se fondatè “Atelye Lento Ayizan,” yon atelye atizay ak atizana kote li ekspoze kreyasyon li yo epi sèvi kòm yon platfòm pou ekspresyon kiltirèl.

Travay li yo souvan reflete tèm ki soti nan espirityalite ayisyen ak lanati, jan sa parèt nan zèv tankou “Agaou Vante van Li Vante Nòde,” ki mete aksan sou fòm atizay natirèl. 

Lento Ayizan angaje tou ak kominote a atravè medya sosyal, kote li pataje atizay li ak patisipe nan diskisyon kiltirèl. Ou ka swiv li sou Facebook ak Instagram pou plis enfòmasyon ak mizajou sou dènye pwojè li yo.

Si w enterese aprann plis sou travay li oswa konekte avè l, ou ka vizite Facebook ak Instagram li pou plis detay ak mizajou sou dènye pwojè li yo.

Art se la Vi
14/04/2025

Art se la Vi

     ̈ti  Lento Ayizan
04/04/2025

̈ti
Lento Ayizan

Depi nan ginen ti nèg ap ede ti nèg Viv loa yoViv VODOUNViv lanati Lento Ayizan
05/02/2025

Depi nan ginen ti nèg ap ede ti nèg
Viv loa yo
Viv VODOUN
Viv lanati
Lento Ayizan

matris 💙
24/01/2025

matris 💙

Adresse

Port-De-Paix
Port-de-Paix

Téléphone

+50933746997

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Atelye Lento Ayizan publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Atelye Lento Ayizan:

Partager